Tranblemanntè 4.1 sou echèl Richter frape zòn Pòtoprens, panik lakay plizyè abitan

Tranblemanntè 4.1 sou echèl Richter frape zòn Pòtoprens, panik lakay plizyè abitan
Yon tranblemanntè ki gen yon magnitid 4.1 sou echèl Richter frape rejyon Pòtoprens lendi swa 4 out 2025, a 11è 02 nan aswè. Daprè premye enfòmasyon yo, sant tranblemanntè a te sitiye apeprè 13 kilomèt nan nòdwès Petyonvil, nan depatman Lwès peyi a. Goudougoudou a te santi tou nan Repiblik Dominikèn, vwazen Ayiti a. Nan kapital la, plizyè abitan rapòte yo te santi tè a tranble, sa ki lakòz sèn panik nan kèk katye. Pou kounye a, otorite yo poko rapòte okenn dega grav ni viktim.
← Retour aux articles